Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Matiado Vilmé Kontribye akl redaksyon atik sa a.
Plizyè 100tèn ajan PNH pran lari nan Pòtoprens dimanch 27 oktòb 2019 la pou manifeste kote yap mande pibon kondisyon travay, ogmantasyon salè 50 mil good pou pipiti ak respè dwa polisye yo kòm travayè menm jan ka tout lòt sitwayen.
Se pou lapremyè fwa ajan polis yo manifeste nan lari e dapre sa yo di, yo vle fè otorite pi wo plase yo konnen konstitisyon peyi a ba yo dwa pou pwoteste epi òganize yo atravè yon sendika menm jan ak tout lòt travayè piblik ou prive pou defann dwa yo.
Kèk polisye ki te pale nan mikwo korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Matiado Vilmé denonse sa yo rele entimidasyon yo sibi lè pou yo revandike dwa yo. Yo mande pou diskriminasyon kont ajan delòd yo sispann kote wo grade yo chaje ak frè ak bon jan salè pandanstan ajan yo kap bourike nan lari a, sa leta peye yo a pa menm ka bay madanm yo manje ak voye pitit yo lekòl.
Moun te ka remake prezans kèk lidè politik ak eli ki te vin sipòte mach polisye yo nan Pòtoprens. Pami yo: Militan politik e manm opozisyon Réné Civil, ki deklare pou sakrifis polisye yo ap fè pou sekirize peyi a yo dwe trete yo tankou moun. Yon lòt sipòtè mach polisye yo se Senatè Pòtoprens Patrice Dumond, anpil moun konsidere kòm yon manm modere nan Sena ayisyen an. Senatè Dumand fè konnen polisye yo gen dwa pou yo mande pi bon tretman nan travay yo.
Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Matiado Vilmé pa rapòte si te gen ensidan ki rive nan mach ajan polis li ki te al fini devan direksyon Jeneral polis la nan Petyon Vil. Toutfwa ajan delòd yo pwomèt pou kanpe travay si responsab yo refize tande vwa yo.