Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 25 Moun nan Men Lapolis Apre yon Atak Sou Kòtèj Prezidan Martelly a


Lapolis nan Kapayisyen ap entèwoje plis pase 25 sitwayen vil la yo arete anba akizasyon kòmkwa yo ta voye wòch sou foul ki t ap mache ak prezidan ayisyen an Joseph Michel Martelly nan kad yon vizit 48 tè nan Depatman Nò peyi a.

Yon lòt kote, Prezidan Martelly kontinye montre apui l bay Premye-Minis deziye a mèt Bernard Gousse pou pòs premye minis la. Prezidan an pwofite pale tou sou komisyon enterimè pou rekontriksyon Ayiti a (CIRH) ki dapre li: "ap mache trè byen." Sou sa ki gen rapò ak nouvo sistèm edikasyon an, li pale pou l di gouvènman an kontinye ap kolekte fon pou pèmèt anpil timoun al lekòl.

Nan vil Jeremi, popilasyon an di yo fatige ak kriz politik k ap travèse peyi a jounen jodi a. Yo lanse yon apèl pou mande yon Premye Minis nan peyi a anvan antre lekòl la nan 30 jou.

XS
SM
MD
LG