Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Leta Deklare 12 Janvye Kòm Yon Jou Ferye


Palè Nasyonal ayisyen an aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la
Palè Nasyonal ayisyen an aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la

Yon arète prezidansyèl ki sòti nan dat 4 janvye 2012 la, fè jounen jedi 12 janvye a tounen yon jou ferye pou administrasyon piblik la, lekòl, komès ak endistri.

Biwo kominikasyon prezidans la, ki pibliye enfòmasyon sa a , presize nan okazyon jounen sa a k ap make dezyèm anivèsè tranblemantè 12 janvye 2010 la, drapo nasyonal la ap monte a demi ma devan tout edifis piblik yo; diskotèk ak lòt kote moun konn plezi, yo tout ap fèmen ; estasyon radyo ak televizyon ap prezante pwogram ak mizik apwopriye.

Dapre arète a toujou, otorite yo envite tout relijyon nan peyi a pou yo òganize seremoni ki an akò ak sikonstans la.

XS
SM
MD
LG