Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 13 Kandida a la Prezidans Mande Anile Eleksyon Jeneral yo


Nouvèl ki sòti Pòtoprens fè konnen 13 nan kandida a la prezidans ki t ap patisipe nan eleksyon dimanch 28 novanm 2010 la pibliye yon kominike nan tèt-ansanm pou yo reklame anilasyon eleksyon lejislatif ak prezidansyèl yo. Kandida sa yo se : Jacques Edourad Alexis, Michel Martelly, Mirlande Manigat, Jean Henry Céant, Wilson Jeudy, Leslie Voltaire, Charles Henry Baker, Josette Bijou, YvonNeptune, Eric Charles, Garaudy Laguerre, Chavannes Jeune ak Léon Jeune.

Kandida sa yo bay yon konferans poulaprès nan Otèl Caribe vè 2 zè nan aprèmidi pou yo denonse sa yo konsidere kòm magouy ak iregilarite ki make eleksyon yo atravè tout peyi a. 13 kandida yo akize prezidan ayisyen an, René Garcia Préval, deske se li ki maniganse magouy sa yo. Kandida Josette Bijou deklare: "Pèp la fèt pou mobize l nan lapè pou l denonse bagouy sa yo e defann vòt li." Bò kote pa l, Léon Jeune mande popilasyon an pran beton an pou l pwoteste kont "yon eleksyon trike."

13 kandida yo fè konnen objektif koken ki fèt yo se favorize kandida pati ki sou pouvwa a, Jude Célestin.

XS
SM
MD
LG