Accessibility links

Breaking News

Ayiti, 1 an Apre


Kenneth Merten
Kenneth Merten

Ayiti 1 an apre, se tit yon konferans Lavwadlamerik ak fakilte kominikasyon Inivèsite Miami an (UM SCHOOL OF Communication) ap òganize nan stidyo C Fakilte a nan 5100 Brunson Drive, Coral Gables, Miami

Prensipal oratè k ap pran lapawòl se reprezantan Etazini nan peyi Dayiti a, Anbasadè Kenneth Merten ak Anbasadè Ayiti nan Washington, DC a, Louis Harold Joseph. Rekonstriksyon Ayiti, se prensipal tèm woumble sa a. Envite ki pra l mennen diskisyon yo—yon seri pwofesè nan Inivèsite Miami ak lidè kominote ayisyen an—pral fè deba sou sijè tankou reskonstriksyon, eleksyon ak laprès.

Pwofesè kominikasyon nan UM School Of Communication an dwe diskite tou sou rezilta yon ankèt ki fèt, sa pa gen lontan, sou fason Ayisyen-Ameriken yo sèvi ak media nan South Florida (Sid Florid) e sou wòl media yo nan rekonstriksyon Ayiti.

Alberto Mascaró, direktè Divizyon Latino Ameriken Lavwadlamerik la, kote Sèvis Kreyòl tabli, di li kontan pou l akeyi Anbasadè Kenneth Merten ak Anbasadè ayisyen an, Louis Harold Joseph—2 prensipal oratè konferans lan. Misye Mascaró ajoute "nou espere diskisyon yo va jete plis limyè sou sitiasyon ki egziste ann Ayiti jounen jodi a e va eksplore solisyon pou pwoblèm li yo".

Konferans lan ap demare a nevè (9:00 am) dimaten pou jouk inè (1:00 pm) apre midi e antre an lib.

Ale nan UM SCHOOL OF Communication stidyo C, 5100 Brunson Drive, Coral Gables, Miami

XS
SM
MD
LG