Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 4 Nouvo Manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a Prete Sèman Vandredi 18 jiyè a


Kat jewografik Ayiti
Kat jewografik Ayiti

Konsèy Elektoral Pwovizwa a konplete apre 4 nouvo manb yo prete sèman nan Tribinal Kasasyon vandredi 18 jiyè a. Korespondan nou Rotchild François Junior di nou malgre Konsèy Elektoral Pwovizwa a konplè poko gen siy ki montre Sena a sou wout pou l amande lwa elektoral la pou eleksyon lejislatif yo kapab dewoule nan peyi a 26 Oktòb 2014 la dapre akò politik El Rancho a.

Yon lòt kote, Sekretè Jeneral Òganizasyon Pèp Kap Lite ( OPL), Sauveur Pierre Etienne, fè konnen pati a prale nan eleksyon. Msye Etienne di senatè OPL yo ap patisipe nan seyans pou vote amandman lwa elektoral la.

Sekretè Jeneral Pati Fuzyon Sosyo Demokrat yo, Rosemond Pradel, di y ap tann lwa elektoral la ofisyèl avan pati a enskri pou l patisipe nan eleksyon yo.

Sekretè Jeneral Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), agwonòm Jean André Victor, di kondisyon regroupman politik la te poze pou l patisipe nan eleksyon yo pa chanje malgre enstitisyon elektoral la konplè.

Klike sou"Kouté" agoch atik sa a(anba Multimedia) pou n tande nouvèl pou vandredi 18 jiyè 2014 la

XS
SM
MD
LG