Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Blòk Majoritè Sena a an Favè Ratifikasyon Premye Minis Deziye a Dr. Garry Conille


Manm Sena Ayisyen an vote an fave Garry Conille kom premye minis Ayiti nan Potoprens, 4 Oktob, 2011
Manm Sena Ayisyen an vote an fave Garry Conille kom premye minis Ayiti nan Potoprens, 4 Oktob, 2011

Se madi 4 oktòb 2011 la sena ayisyen an ap fè deba sou rekòmandasyon Komisyon ki t ap analize dosye Premye Minis deziye Garry Conille.

Blòk senatè ki majoritè nan Sena ayisyen an (G-16 la) chita pale byen ta yè swa avèk prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, kèk èd-tan avan seyans ratifikasyon premye minis deziye a, Dr. Garry Conille.

Senatè Joseph Joel John di Lavwadlamerik gen 14 senatè ki pare pou yo ta vote anfavè Dr. Conille menm si pyès li pa finn respekte atik 157 konstitisyon an.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute deklarasyon Senatè Joseph Joel John.

XS
SM
MD
LG