Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Meteo: Ajan Meteo Prevwa Gwo Dega Pandan Pasaj Siklòn Matthew sou rejyon Karayib la


Imaj siklòn Matthew kap pase sou Jamayik ak Ayiti
Imaj siklòn Matthew kap pase sou Jamayik ak Ayiti

Ant 100 mil ak 500 mil Ayisyen ap fè fas ak gwo danje pandan pasaj siklòn Matthew. Moun ki pi andanje se sila yo k ap viv nan ti joupa oubyen lòt kay ki bati san regleman.

Kay sa yo pa pare pou fè fas ak inondasyon e ak van tankou sa yo k ap soufle sou peyi a aktyèlman pandan pasaj Matthew a. Meteyo prevwa Matthew kapab lage sou Ayiti ak Jamayik anviwon 40 santimèt lapli.

Kantite lapli sa yo vin ogmante plis chans pou gen eboulman ak plis inondasyon nan rejyon ki pi peple yo.

Nan Miami, Sant Nasyonal Meteyo Lèzetazini an fè konnen siklòn nan ap pase sou Ayiti jounen madi 4 oktòb la anvan l pran direksyon Kiba pandan menm jounen an.

Otorite yo ann Ayiti ak nan Jamayik kontinye ankouraje popilasyon an kite zòn frajil yo pou pran refij nan rejyon ki ofri plis sekirrite.

Nan Jamayik 150.000 moun deja deplase kite zòn kote yo tap viv la. Ann Ayiti gen plis pase 2 milyon moun otorite yo prevwa ki kapab sibi konsekans pasaj siklòn nan.

Madam Nadia Lochard, ki nan Sant Nasyonal Meteyo ann Ayiti ap pote plis enfòmasyon sou prekosyon popilasyon an dwe pran pandan pasaj siklòn Mathew a.

Madam Nadia Lochard, ki nan Sant Nasyonal Meteyowoloji Ayiti t ap Pale ak Jean Pierre Leroy, VOA
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:42 0:00

XS
SM
MD
LG