Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Pòtoprens Gen Opinyon Miks sou Lide pou Larisi ta Vin Ede Ayiti Jere Gang yo


Ayisyen Bay Opinyon yo sou Lide pou Wagner Gwoup Ris la ta Vin Ede Ayiti Jere Gang yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:28 0:00

Ayisyen Bay Opinyon yo sou Lide pou Wagner Gwoup Ris la ta Vin Ede Ayiti Jere Gang yo

Plizyè sitwayen nan kapital Ayisyèn nan reyaji sou evantyèl posibilite pou yon gwoup mèsenè Ris ta antre nan peyi a pou vin konbat gang yo.

Anpil nan yo fè konnen se tap yon bon bagay si peyi Larisi ta vin ede Ayiti nan batay lap mennen kont ensekirite a.


"Kanada woule nou nan farin, Etazini woule nou nan farin. Jodia si gwoup militè Wagner a ta vin Ayiti mwen panse se tap meyè solisyon an, paske nan moman nou ye a nou pa kapab ankò," yon sitwayen di VOA.


"Se gang ki pou bay repons a gang. Eben dè gang, dè mèsenè Ris deside yap vin an Ayiti pou vin konbat gang!"

Kèk lòt ki kwè sa tap gen konsekans sou relasyon peyi d Ayiti ak peyi Etazini mande peyi Larisi pou ede polis nasyonal la jwen materyèl pou batay kont gang ame yo.

"Nou se titèl Ameriken. Lè nèg yo di l Amerik Ozameriken an savledi oken peyi de l Ewòp ta dwe envèveni nan zafè Ameriken. Nou menm nap di Putin - kòm Larisi se premye peyi an 1824 ki te rekonèt Ayiti, si w vle ede Ayiti ede l nan yon lòt fason," yon lòt sitwyen di VOA. Li ajoute: "fò yo ta ede polis nasyonal la jwen dè dwon ak elikoptè - ede nou nan sans sa a pito olye se militè ou voye ki ka koze gwo divizyon ant noumenm ak Etazini."

Yon lòt jèn gason di li kwè PNH la ka rezoud pwoblèm nan.

"Sa yo di nou genyen kom militè, yo ka goumen, yo ka bagay pou rezoud pwoblèm ensekirite a," li di VOA.

Yon lòt jèn di li dakò ak lide pou lame a konbat gang yo.

"Nèg yo kapab. Si nèg yo echwe nan misyon yo, blan an ka vin ba nou ranfò. Ba nou dwa endepandans nou an. Se nou ki pou kòmanse, si nou pakapab yo ka vin ede nou fini. Paske bandi yo kiyès yo ye? Ayisyen yo ye, Ayisyen konnen yo. Blan pa konn bandi yo."

Nap souliyen gwoup mèsenè Ris yo deja mennen plizyè operasyon sou kontinan Afriken an.

Sepandan, gouvènman Ayisyen an poko di anyen sou dosye sila a.

XS
SM
MD
LG