Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Ozetazini ap Chèche Mete Fen nan Maladi Malarya ann Ayiti


Dorvil Chiloveson gen 3 zan. Manman ll Linda Julien ki gen 20 tan ap siveye l nan seksyon malnitrisyon an nan yon lopital nan Pòtoprens. Photo: 29 Janvye 2020.
Dorvil Chiloveson gen 3 zan. Manman ll Linda Julien ki gen 20 tan ap siveye l nan seksyon malnitrisyon an nan yon lopital nan Pòtoprens. Photo: 29 Janvye 2020.

Yon group ki rele Haiti Renewal Alliance, oubyen Ayiti: Alyans Renouvle, ap reyini manm Diaspora a nan anbasad Ayiti a nan Washington pou pale sou entegrasyon Diaspora a nan kad efò pou amelyore sante kominotè epi pouse pou pi devan inisyativ ki vize eliminasyon malarya nan ann Ayiti.

Dapre Mesye Firmin Backer, ki se Prezidan « Ayiti : Alyans Renouvle », rasanbleman sa a ap genyen ladan l kèk patnè nan domèn devlopman an, ofisyè gouvènman, pwofesyonèl nan domèn sante ak manm sektè prive a pou yo pataje lide sou solisyon kap dire pou sektè sante a nan peyi dAyiti.

Oganizatè yo kwè entegrasyon Diaspora a nan sektè sante a ann Ayiti gen potansyalite pou ofri solisyon kap dire pou dekalaj ijan resous imen ak finansye ann Ayiti, e sa kapab debouche sou pwomosyon nouvo politik sante ak envestisman nan domèn sante a ak kapasite mediakal e teknik pou Ayiti reyalize objektif devlopman global yo vè ane 2030.

Repòtè Lavwadlamerik Arthur Jean-Pierre ap sou plas nan anbasad Ayiti a nan Washington pou fè repòtaj sou rankont sila a.

XS
SM
MD
LG