Accessibility links

Breaking News

Avi Prezidan Kore di Sid la Sou Pwogram Nikleyè Kore di Nò a


Prezidan Kore di Sid la Lee Myung-Bak
Prezidan Kore di Sid la Lee Myung-Bak

Prezidan Kore di Sid la fè konnen yo ta dwe demantle pwogram nikleyè Kore di Nò a nan ane k ap vinn la a. E li ajoute sèl fason pou moun reyisi nan demach sa a, se atravè negosyasyon 6 nasyon Pyongyang pral fè ak gwo puisans mondyal yo.

Prezidan Lee Myung-Bak fè komantè sa yo padan yon pwen d près mèkredi 29 desanm 2010 la nan ministè afè etranjè sid koreyen an. Moun poko detèmine aklè si deklarasyon sa a reprezante yon retrè sou egzijans li te fè anvan sa kòmkwa Pyonyang dwe demontre ke l pran dezarmeman nikleyè a oserye anvan pou chita-pale 6 nasyon yo rekòmanse.

Responsab sid koreyen yo di ministè afè etranjè Kore di sid la enfòme Prezidan Lee Myung-Bak sou objektif politik peyi a pou ane 2011 la, ki se reyinifikasyon penensil koreyen an.

XS
SM
MD
LG