Accessibility links

Breaking News

Avètisman Siklòn Pou Tout Kòt-Es Lèzetazini


Plizyè dizèn milye moun resevwa lòd pou yo pati kite zile ki sou kòt Eta Kawolin di Nò yo nan moman siklòn Earl --ki genyen gwo fòs-- ap pwoche kòt Ès Lèzetazini.

Espesyalis meteyo yo lanse avètisman pou di Earl --yon siklòn kategori 4-- ap pote ak li van ak lapli ki kapab fè gwo dega, van sa a ap soufle ak yon fòs 230 kilomèt alè.

Avètisman ak konsèy anti-siklòn e kont tanpèt twopikal antre an vigè pou tout kòt-ès Lèzetazini, e sa menm konsène zòn ki jous anwo, nan eta Massachusets.

Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an ki baze nan Miami, fè konnen siklòn nan ap deplase nan direksyon nò-nòdwès e li pral touche kòt Eta Kawolin di Nò byen ta jedi 2 sepetanm 2010 la oubyen bònè vandredi 3 septanm la.

Yo atann yo aske li vire nan direksyon nò pou l pèdi fòs pwogresivman nan moman li va ap pwoche Eta Rhode Island ak Massachussetts. Gouvènè Kawolin di Nò, Vijini ak Maryland déjà dekrete yon eta dijans nan eta sa yo.

Pandansetan, espesyalis meteyo yo ap swiv evolisyon tanpèt twopikal Fiona ki gen pou pase tou prè Zile Bermud byen bonè samdi 4 septanm 2010 la. Yon avi anti-tanpèt antre an vigè pou Bermud, nan moman tanpèt la ap avanse ak van k ap soufle a 85 kilomèt alè.

XS
SM
MD
LG