Accessibility links

Breaking News

Avèstisman: Ayiti Kapab Sibi Plis Tranblemanntè nan yon Pwòch Avni


Avèstisman: Ayiti Kapab Sibi Plis Tranblemanntè nan yon Pwòch Avni
Avèstisman: Ayiti Kapab Sibi Plis Tranblemanntè nan yon Pwòch Avni

Espesyalis yo kontinye lanse avètisman bay Ayiti pou di peyi a twouve l anba menas gwo tranblemanntè nan plizyè dizèn dane k ap vini yo.

Daprè yon etid Sosyete Sismolojik Etazini fè, tranblemanntè pwisans 7 pwen ki te frape Ayiti sa gen 2 zan an, te gen menm sant ak sa ki te frape Lil Dayiti an 1701 avèk yon pwisans 6,6.

Apre sa, 3 gwo lòt soukous te frape Ayiti : youn an 1751, yon dezyèm an 1770 epi gwo soukous 2010 la, ki te rive apre yon entèval 240 ane.

Espesyalis yo di, goudougoudou 2010 la kapab reprezante kòmansman yon nouvo peryòd gwo aktivite sismik.

Sosyete Sismolojik Etazini kontinye pou l di, menmsi li enposib pou espesyalis yo prevwa tranblemanntè, yo lanse apèl bay Ayisyen yo pou yo prepare yo, sitou pou yo fè konstriksyon pi solid, konstriksyon anti-sismik.

Tranblemanntè 2010 la te touye plis pase 250 mil ; e jounen jodi a toujou, ou kapab wè debri toupatou nan Pòtoprens.


XS
SM
MD
LG