Accessibility links

Breaking News

Avètisman Washington: Gwo Ranfòsman Konkirans nan Lespas ant Etazini ak Larisi, Lachin


Dr. John F. Huth, a goch, Ofisye Ranseymen Depatman Defans la pou Lespas epi Kevin Dyder Analis Ranseyman wo plase Depatman Defans la pou Lespas, ranseye la pres nan Pantagon nan, nan Washington, Madi 12 Avril 2022.
Dr. John F. Huth, a goch, Ofisye Ranseymen Depatman Defans la pou Lespas epi Kevin Dyder Analis Ranseyman wo plase Depatman Defans la pou Lespas, ranseye la pres nan Pantagon nan, nan Washington, Madi 12 Avril 2022.

Kèk otorite nan Ajans Enfòmasyon Sekrè sou Defans (DIA) lanse yon avètisman kont “yon gwo kokenn ogmantasyon” nan operasyon nan lespas ak volim operasyon sa yo, kote kantite aparèy Lachin ak Larisi genyen ann òbit anrejistre yon ogmantasyon 70% depi 2019.

John Huth, direktè enfòmasyon sou defans konsènan lespas nan DIA, deklare devan laprès madi nan moman Pentagòn nan t ap prezante “Rapò 2022 konsènan Defi sou Sekirite nan Lespas” :

“Larisi ak Lachin, ki se prensipal konkiran estratejik nou, ap pran dispozisyon pou yo minen Lèzetazini ak alye nou yo nan domèn espasyal la.” Huth ajoute:

Depi premye “Rapò sou Defi pou Sekirite nan Lespas la” te parèt nan kòmansman ane 2019 la, konkiran yo ogmante operasyon yo nan lespas nan preske tout kategori enpòtan yo -pami yo gen kominikasyon, aksyon pa “remote control”, navigasyon ak demonstrasyon syantifik ak teknolojik. “

Dènye rapò a fè konnen:

“Lespas ap vin chak jou pi militarize, kote pwogrè Lachin ak Larisi nan domèn espyonaj espasyal la kontinye ranfòse… sa ki ogmante yon abouteyaj nan òbit la.”

Lè Lavwadlamerik mande John Huth, ant Lachin ak Larisi, kiyès ki reprezante pi gwo konkiran pou Lèzetazini, li reponn “yo tou le 2 merite siveye de prè.”

XS
SM
MD
LG