Ann Ostrali, konpayi ayeryèn “Qanta Airlines” pase lòd pou tou lè 6 “airbus” ki fòme flòt ayeryèn li a kanpe aprè pwoblèm motè te fòse youn nan aparèy yo reyalize yon aterisaj dijans nan peyi Sengapour jedi 4 novanm 2010 la.
Vrèman vre, yon Airbus A-380 (pi gwo avyon pasaje ki egziste nan lemond), te oblije retounen nan Sengapour aprè youn nan motè l yo te tonbe an pàn yon ti moman apre li te dekole pou yon vòl ki ta pral mennen li nan vil Sydney, ann Ostrali.
Konpayi avyon an fè konnen pa gen pyès moun ki blese sou yon afè de 459 pasaje ak manm ekipaj ki te abò a