Accessibility links

Breaking News

Peyi Ikrèn Sibi yon Atak Piratri sou Òdinatè


Tweet Premye Minis Ikrèn nan, Pavlo Rozenko, ekri sou òdinatè li kote li avèti itilizatè yo sou menas atak viris ki kapab domaje aparèy òdinatè yo. (Twitter - @RozenkoPavlo)
Tweet Premye Minis Ikrèn nan, Pavlo Rozenko, ekri sou òdinatè li kote li avèti itilizatè yo sou menas atak viris ki kapab domaje aparèy òdinatè yo. (Twitter - @RozenkoPavlo)

Aksyon ke premye minis Ikrèn nan kalifye kòm yon atak piratri sou Entènèt ki pat janm fèt anvan nan peyi li, li gaye rive nan peyi Etazini, dapre sa konpayi remèd famasi Merck fè konnen madi 27 jen 2017 la.

“Nou konfime ke rezo òdinatè konpayi nou an te viktim nan kad yon zak piratri mondyal. Gen lòt òganizasyon ki pran kou tou,” se sa Merck ekri sou Twitter.

Bank, biwo gouvènman an ak aewopò yo nan Ikrèn te pami premye ajans nan peyi a ki rapòte atak la. Depatman Sekirite Teritorwal Etazini fè konnen l ap swiv atak yo e ke li an kontak ak patnè li nan peyi a e nan nivo entènasyonal.

XS
SM
MD
LG