Accessibility links

Breaking News

Asasina Jounalis Junior Louis-Charles Kontinye Domine Aktyalite a ann Ayiti


Radyo Kiskeya nan peyi Dayiti ki kanpe toujou emisyon relye li yo , pa sispann resevwa mesaj senpati apre asasina jounalis li Jean Richard Louis-Charles ki tonbe anba bal bandi mèkredi aprè-midi 9 fevriye ki sot pase la a .

Asosyasyon jounalis, gwoup dwa zimen ak gwoupman politik kontinye denonse fenomèn ensekirite a ki fè premye viktim nan mitan laprès sou kontinan ameriken an pou ane 2011 dapre Repoter Sans Frontière ki te soti yon kominike yon jou apre asasina konfrè a .

Nan vil Okay, Depatman sid peyi a, solidarite a ap kontinye.

Korespondan nou yo devlope nouvèl sa pou nou ak lòt pwen k ap domine aktyalite a nan Pòtoprens ak lòt vil peyi Dayiti.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj jounen 11 fevriye 2011 la.

XS
SM
MD
LG