Nan Bahamas, otorite yo ap mennen ankèt sou aksidan yon avyon ki touye tou lè 8 moun ki te abò a, tou pré ayewopò entènasyonal kapital peyi a, Nassau.
Otorite yo di yon ti avyon bi-motè Cessna tonbe nan Lak Killarney madi 5 oktòb 2010 la, yon ti tan aprè li te fin dekole.
Avyon an te sou wout pou l ale sou il Salvadò, ki nan pati sid Bahamas. Otorite yo di pilot la ak 7 pasajè yo te sitwayen bahameyen.