O Meksik, otorite yo fè konnen nèg yo sispèk kòm manm òganizasyon dwòg, ouvè kout-zam sou 8 moun e yo touye yo ozalantou kapital la, Meksiko.
Daprè menm sous la, viktim yo tonbe nan 2 ensidan separe ki dewoule byen bonè dimanch 13 fevriye 2011 la.
Nan premye ensidan an, gangstè yo tounen 6 nèg avèk yon fi. Apre sa, lapolis dekouvri kadav yon fi tou touni, e sanble manmzèl pèdi lavi l tou anba kout-zam.