Accessibility links

Breaking News

7 Moun Mouri Nan Yon Eksplozyon O Meksik


7 Moun Mouri Nan Yon Eksplozyon O Meksik
7 Moun Mouri Nan Yon Eksplozyon O Meksik

O Meksik, responsab yo fè konnen sa ki sanble ak yon eksplozyon gaz nan yon otèl pran lavi 7 moun, pami yo 5 touris kanadyen. Minis jistis eta a Francisco Alor presize 2 nan moun ki mouri yo se te anplwaye otèl la .

Eksplozyon sa a rive dimanch 14 novanm 2010 la nan otèl Princess Grand Riviera ki sou plaj sant touristik Playa del Carmen, ki twouve l nan Eta Quintana Roo. Otorite yo di apeprè 20 moun blese.

XS
SM
MD
LG