Yon tribinal izrayelyen kondane ansyen Prezidan Izrayelyen Moshe Katsav pou l pase 7 an nan prizon pou vyòl ak lòt atak seksyèl.
Katsav te anba akizasyon dèske li te vyole yon ansyen anplwaye an 2 fwa e li te fè 2 lòt fi avans seksyèl.Katsav demanti akizasyon sa yo.
Premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu kalifye ka a kòm yon jounen tristès pou eta Izrayèl, alòske gwoup k ap defann dwa medam yo byen akeyi védik la.