Accessibility links

Breaking News

54èm Edisyon Remiz Pri Grammy yo Rann Whitney Houston Omaj


Adèle ranpòte tout pri ki te nan 6 katogori kote li te jwenn nominasyon yo
Adèle ranpòte tout pri ki te nan 6 katogori kote li te jwenn nominasyon yo

Ozetazini, yè dimanch la seremoni 54èm edisyon Remiz Pri Grammy yo dewoule nan vil Los Angeles la. Yon vedèt ki briye anpil, se chantèz mizik Rythms and Blues, Adèle.

Manmzèl ranpòte tout pri ki te nan 6 katogori kote li te jwenn nominasyon yo. Albòm li, ki rele Twenty One (21) ranpòte pri Albòm de l’ane, menm jan li pran twofe pou pi gwo albòm vokal pòp la; chanson Adèle ki rele "Rolling in the Deep" ranpòte pri anrejistreman de lane, chanson de lane, epi pri meyè muzik kout pou video.

Se konsa tou Adèle ranpòte yon 6èm pri : ki se pri «meyè perfòmans solo pòp » pou yon chanson ki rele « Someone Like you ».

Whitney Houston
Whitney Houston

Men, si Adèle briye nan seremoni Remiz Pri Grammy yo kòm mil solèy, se pa li menm ki domine lespri atis ak fanatik ki patisipe nan sware a ; men pito yon lòt gwo vedèt chanson amerikèn nan, ki te ranpòte Pri Grammy an plizyè fwa an palan de Whitney Houston, ki mouri nan vil Los Angeles, yon jou anvan dewoulman seremoni an.

Chantè rap, LL Cool J ki te anime sware Pri Grammy yo te kòmanse konsa :

"Nou gen yon lanmò nan fanmi nan. E konsa omwen pou mwen sèl bagay ki byen pou nou fè, se pou nou kòmanse avèk yon priyè pou yon fi nou renmen pou sè nou ki tonbe, Whitney Houston"

Pou rann omaj a vedèt sa a ki ètenn a 48 tan, Chantèz Jennifer Hudson, gayan pri Akademi an te repran yon tit Withney Houston: I Will Always Love you. Yon chante Whitney te chante sou mènm sènn nan, sa gen 20 tan.

LL Cool J
LL Cool J

Rapper Jay-Z ak Kanye West ranpòte Pri Grammy pou meyè pèfomans rap pou Otis. Band Fok pop Bom Iver genyen pri kòm meyè nouvo atis. Lady Antebellum genyen meyè albòm country.

The Foo Fighter genyen kom meyè pèfomasn rock. Gen yon seri veteran nan mizik ki te remèt bèl pèfomans nan sware a pami yo: The Beach Boys, Tony Bennett ak Paul McCartney.

Yon lòt eksplozyon ki soti nan le pase ki te vini sou fòm legend country Glen Campbell ki aktyèlman ap fè yon tou dadye aprè yo fin diagnostike l ak maladi Alzheimer, li te fè odyans la chante avè l klasik li a Rhinestone Cowboy.

XS
SM
MD
LG