Sa genyen 50 tan jou pou jou, lendi 20 fevriye 2012 la, yon astwonòt ameriken te antre nan òbit terès la pou lapremyè fwa. Non li se John Glenn. Nan dat 20 fevriye 1962 John Glenn te fè tou Planèt Tè a 3 fwa nan yon espas de 5 kè sèlman, nan kad yon misyon pou wè kijan lòm t ap reyaji ak anviwonnman espasyal la.
Semèn pase a, pandan Misye Glenn te pran lapawòl nan yon seremoni La NASA te òganize, li te di eksperyans li te fè nan lespas la se yon eksperyans ki difisil pou l dekri:
"Se yon bagay ki rete trè, trè pèsonèl, paske ou pa kapab li vrèman. Se santiman vwayaj sa a enspire w ; se bagay ou menm sèlman kapab santi, kapab eksperimante, lè ou rete anlè a pou w ap gade latè : se yon fenomèn, se yon espektak ki pa sanble ditou ak anyen ou te konnen anvan; se yon bagay ou pa ka dekri."