Accessibility links

Breaking News

500 Milyon Dola Pou Ede Refòme Systèm Edikasyon Ayiti a


500 Milyon Dola Pou Ede Refòme Systèm Edikasyon Ayiti a
500 Milyon Dola Pou Ede Refòme Systèm Edikasyon Ayiti a

Plan sa a, ki vize kouvri ansèyman depi klas matènèl pou rive nan Inivèsite, pral koute apeprè 4 milya 200 milyon dola

Bank Entè Ameriken Devlopman (BID) pran angajman pou’l ranmase 500 milyon dola pou ede refòme systèm edikasyon ayisyen an. Bank lan anonse desizyon sa a nan yon reinyon Komisyon Entèrimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a fè madi nan Pòtoprens.

BID, k ap travay depi apre ranbleman’ntè 12 janvye a sou plan sa a ansanm ak ministè Edikasyon Nasyonal Ayiti, Komisyon Prezidansyèl sou edikasyon an ak anpil lòt donatè, pran angajman pou’l mete 250 milyon dola sou fòm don (nan pwòp fon pa li) aladispozisyon ministè a, epi chèche jwenn lòt 250 milyon dola a nan menm kèk lòt bayè de fon non-tradisyonèl.

Plan sa a, ki vize kouvri ansèyman depi klas matènèl pou rive nan Inivèsite, pral koute apeprè 4 milya 200 milyon dola; estimasyon sa a konsidere tou konstriksyon plizyè milye etablisman skolè, fòmasyon dè milye anseyan ak sibvansyon pou redui ou elimine “frè ekolaj” pou tout timoun k ap antre nan nouvo systèm edikasyon piblik la.

Frè ekolaj reprezante yon gwo fado pou pifò fanmi ayisyen nan repiblik karibeyen an, kote 90 pousan lekòl yo se etablisman prive e revni pa tèt abitan apèn rive 400 dola pa an. Menm anvan tranbleman’tè a, se apèn mwatye timoun ki nan laj pou al lekòl ki t ap frekante yon sant edikasyon.

Resous pou finanse refòm sa a pral sòti nan bidjè gouvènman ayisyen an ak bò kote donatè etranje. Aktyèlman Ayiti konsakre apèn 2 pousan nan pwodui enteryè bri li pou edikasyon. Mwayèn nan pou Amerik Latin nan se 5 pousan.

Nan kad nouvo plan an, se leta ki pral finanse pifò lekòl nan peyi a, ou ki pral redui ou elimine pifò frè skolè yo. Gouvènman an pral genyen pou l’ peye pwofesè lekòl kap patisipe nan plan an.

Pou yon lekòl fè pati nouvo systèm nan, li oblije adopte nouvo Curiculum Depatman Edikasyon Nasyonal la epi satisfè nouvo standard pi elve systèm nan egzije; pa egzanp: kalifikasyon anseyan yo ak kalite enstalasyon skolè yo.

Plan an pral bati pi gwo lekòl nan zòn ki ofri plis sekirite e ki respekte nòm konstriksyon yo pou yo ka reziste kont tranbleman’tè al siklòn. Etablisman sa yo pral ofri tou sèvis sosyal, tankou alimantasyon ak swen sante.

Nan yon premye tan, BID pral soumèt anvan lontan bay direktè egzekitif li yo, yon tranch 50 milyon dola don ki pral ede Ayiti finanse yon pwogram pou netwaye debri ki konble lakou lekòl tranblemann’tè a te devaste, konstwi e ekipe sal de klas tanporè epi finanse bous etid pou dè santèn milye elèv lekòl pou ane skolè kap vini an. Pou kore plan ayisyen an, Bank Entè Ameriken Devlopman pral travay ak donatè tradisyonèl yo kòm Bank Mondyal e ak lòt donatè, tankou Inivèsite, fim ak fondasyon etranje. Akote apui BID ak lòt bayè de fon yo, Ayiti pral resevwa tou asistans teknik yon seri espesyalis nan edikasyon, pa egzanp: Paul Vallas, ki te ede transfòme systèm lekòl piblik vil Nouvelle Orleans, Eta Louisiane, apre Siklòn Katrina a.

Depi pasaj tranbleman’ntè a, BID ede Ayiti nan efò la’p deplwaye pou relouvri lekòl nan peyi a, finanse konstriksyon apeprè 600 sal de klas sou anplasman 60 etablisman skolè–pou pifò nan rejyon Pòtoprens la–ki te pèmèt apeprè 65 mil elèv retounen al resevwa pen enstriksyon nan enstalasyon ki ofri sekirite. Bank Entè-ameriken devlopman an te founi tou resous pou ekipe lekòl e ede anseyan yo finansyèman.

Pandan reinyon Komite Entèrimè pou Rekonstriksyon Ayiti a–ke premye minis Jean-Max Bellerive ak ansyen prezidan ameriken Bil Clinton ap prezide ansanm, patisipan yo te aprann tou ke BID finanse anpil pwojè pou kore devlopman agrikilti, transpò, systèm dlo potab ak enstalasyon sanitè nan peyi Dayiti.

(Dapre yon nòt pou laprès Bank Entè Ameriken Devlopman, BID, voye nan Sal Nouvèl Lavwadlamerik)

XS
SM
MD
LG