2000 transfè lajan pou 1000 fanmi nan 5 zòn pryoritè se objektif CARMEN (Sant Apui Pou Reparasyon Paj Andomaje), yon pwojè pilòt Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) komanse egzekite nan tèt-kole ak konpay telefòn Digicel. Pwojè sa a, se pou ede moun ki kalifye yo repare kay yo ki te sibi dega nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
Jean-Pierre Leroy reyalize yon repòtaj sou sijè sa a. Fè yon klik sou ikòn mps3 ki anwo, adwat paj web la pou plis detay.