Accessibility links

Breaking News

5 Sòlda Koalisyon Entènasyonal la Pèdi Lavi yo nan Afganistan


5 Sòlda Koalisyon Entènasyonal la Pèdi Lavi yo nan Afganistan
5 Sòlda Koalisyon Entènasyonal la Pèdi Lavi yo nan Afganistan

Koalisyon Entènasyonal k ap batay nan Afganistan an fè konnen 5 sòlda li pèdi lavi yo nan yon atak bonm ki sote arebò wout nan sid peyi a.

Fòs Asistans pou Sekirite Entènasyonal la fè konnen sòlda yo pèdi lavi yo nan yon eksplozyon bonm, men li pa bay plis detay.

Atak la fèt mwens ke yon semèn apre 30 Ameriken ak 8 sòlda afgan te pèdi lavi yo lè elikoptè CH-47 ki t ap pote yo a te tonbe, kote se rebèl Taliban ki te desann li.

Kòmandan fòs ameriken ak fòs lOTAN yo nan Afganistan, Jeneral John Allen, fè konnen yon atak aeryen ak presizyon ke fòs koalisyon yo te lanse touye plizyè miliitan Taliban, pami yo rebèl kite tire kout zam ki te desann elikoptè a.

Dirijan Taliban yo demanti ke milita ki te responsab pou desann elikoptè a ta mouri, e yo fè konnen konbatan an te « okipe ap mennen lagè sent la lòt kote ».

XS
SM
MD
LG