Accessibility links

Breaking News

5 Moun Mouri nan yon Eksplozyon Otobis nan Pakistan


Sòlda pakistanè ki rasanble devan rès bis ki te eksploze nan Karachi, nan Pakistan madi 26 avril 2011 la (AP Photo/Shakil Adil)
Sòlda pakistanè ki rasanble devan rès bis ki te eksploze nan Karachi, nan Pakistan madi 26 avril 2011 la (AP Photo/Shakil Adil)

Nan peyi Pakistan , responsab yo fè konnen yon bom yo te plase sou yon wout frape yon otobis ki t ap transpòte pèsonèl lamarinn nan Karachi. Bilan : 5 moun mouri e omwen 5 lòt blese.

Yon pòtpawòl Lamarinn di eksplozyon sa a ki rive jedi 28 avril 2011 la pran lavi 4 anplwaye lamarinn ak yon sivil ki te sou yon motosiklèt.

Se 3èm atak konsa ki rive nan semèn nan nan Pò Siti ki se prensipal baz lamarinn peyi Pakistam.

Taliban yo pran responsabilite pou eksplozyon e pou 2 lòt ki te rive madi pase a kote 4 moun te mouri e plis pase 50 lòt te blese.

XS
SM
MD
LG