Accessibility links

Breaking News

49èm Lejislati Fèmen 2èm Sesyon Òdinè Ane a ak yon Bilan Negatif


49èm lejislati a fèmen 2èm sesyon òdinè ane a pandan ke genyen 3èm sesyon ki ouvè apre konvokasyon Prezidan Michel Martelly nan lide pou palmantè travay sou dosye premye minis deziye a Dr Gary Conille .

Pandansetan Dr Conille k ap fè fas ak yon pwoblèm rezidans, demanti nan laprès ke chwa l se ta yon dikta komunote entènasyonal la.

Anvwaye espesyal Sèvis kreyòl La Vwad’ Lamerik la nan Pòtoprens Lyonel Desmarattes di nou , premye minis desiye a fè deklarasyon sa a apre sèten sektè ap poze kesyon pou mande eske pa ta gen yon men kache nan nominasyon ansyen anplwaye Nasyonzini an .

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG