Accessibility links

Breaking News

Brezil - Inondasyon: 460 Milyon Dola Pou Zòn ki Afekte


Brezil - Inondasyon: 460 Milyon Dola Pou Zòn ki Afekte
Brezil - Inondasyon: 460 Milyon Dola Pou Zòn ki Afekte

Nan peyi Brezil, sekouris yo kontinye fouye twou nan mitan yon pakèt debri nan lespwa pou jwenn plis sivivan apre inondasyon ak glisman teren fè gwo ravaj e lakoz omwen 440 moun pèdi lavi yo e kite anviwon 14 mil san kay pou yo rete .

Lavalas lapli koze dezas ak destriksyo nan rejyon Serrana toupre vil Rio de Janeiro. Espesyalis meteyo yo prevwa ankò plis lapli nan rejyon sa a nan jou k ap vini la yo.

Nan vil Teresopolis, nouvèl yo rapòte , gen 185 moun ki mouri e plizyè santèn lòt lage san kote pou yo rete. Majistra Teresopolis la Jorge Mario Sedlacek dekri dezas sa a kòm trajedi pi grav ki janm rive nan rejyon an.

Genyen tou omwen 168 moun ki mouri toupre vil Nova Friburgo. Gouvènman brezilyen dekese rapidman 460 milyon dola pou zòn ki afkte yo. Jedi 13 janvye 2011 la, Prezidan Dilma Rousseff ki monte sou pouvwa a premye janvye pase a, te pran elikoptè pou vizite zòn ki touche yo.

XS
SM
MD
LG