Yon gwoup ki gen baz li nan la Grand Bretay e ki ap chache enfòmasyon sou sivil ki mouri nan Irak depi lane 2003 fè konnen kantite sivil ki pèdi lavi yo ane sa a pral pi ba pase kantite ki te genyen depi lè lagè a te kòmanse.
Depatman ki konte kadav yo ann Irak yo di li anrejistre mwens ke 4 mil kadav moun ki mouri nan vyolans ane sa a konpare a prèske 47 mil ki te genyen nan ane 2009 la.
Rezilta sa a parét jedi 30 desanm 2010 la nan yon rapò preliminè ki gen ladann kantite moun ki mouri jiska dat 25 desanm ane sa a.