Accessibility links

Breaking News

4 Kandida Dorijin Ayisyèn Pèdi Nan Eleksyon Primè Eta Florid la


Nan Florid, 4 ameriken dorijin ayisyèn ki te patisipe nan eleksyon primè ki dewoule madi 24 out 2010 la, pa pase nan kousa la. Eleksyon sa a fèt pou chwazi kandida Pati Demokrat la ki pral patisipe nan eleksyon mi manda mwa novanm nan kote pèp ameriken an pral chwazi tout manm Chanm dè Reprezantan an (kidink chanm depite Lèzetazini an) ak yon tyè Sena a.

3 nan ayisyen sa yo ranpòte yon pousantaj yon chif sèlman. Anpil obsèvatè pa sezi wè se rezilta sa yo jwenn, paske moun te ka prevwa sa ta pral rive akoz divizyon elektora ayisyen an. Anpil kòmantè fèt nan mitan kominote ayisyèn nan nan pati Sid Eta Florid pou mande rekonsilyasyon avèk espwa lidè politik ayisyen yo nan dyaspora a va pran leson e nan lavni yo va chache mwayen pou yo fè enterè kominote a pase anvan anbisyon pèsonèl yo.

Jounalis Pierre Nazon Boliere, k ap viv nan Miami reponn kesyon Jean Robert Philippe sou, antwòt rezon ki eksplike echèk kandida ayisyano-ameriken yo.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyou Jean Robert Philippe ak Pierre Nazon Beaulière.

XS
SM
MD
LG