Accessibility links

Breaking News

4 Jiyè 2011: 235èm Anivèsè Endepandans Lèzetazini Damerik


Visitors view the Star-Spangled Banner at the National Museum of American History.
Visitors view the Star-Spangled Banner at the National Museum of American History.

Sitwayen ameriken yo nan okazyon 4 jiyè a ap reflichi sou sans endepandans peyi yo a e ya p rejwi pandan ya p swete lòt pèp atravè lemond pral kapab jwi menm privilèj la anvan lontan

Fèt endepandans Etazini an, lendi 4 jiyè an, se yon okazyon pou pèp ameriken an òganize piknik, ale sou plaj ou pwofite lavant orabè machandiz magazen gran sifas yo ofri.

Men pou anpil Ameriken, se yon jou tou pou yo reflechi sou sans ak siyifikasyon 4 jiyè a.

4 Jiyè 2011: 235èm Anivèsè Endepandans Lèzetazini Damerik
4 Jiyè 2011: 235èm Anivèsè Endepandans Lèzetazini Damerik

Mizik ak barbecue fè mikala'w tout kote ou pase nan peyi a, mizisyen Raycurt Johnson, ka p jwe mizik nan yon kwen lari toupre yon bouch metwo souteren nan Washington, DC a, akeyi pyeton ak pasaje yo avèk kèk bon jan mizik patriyotik pou fè yo sonje enpòtans ak sans jounen sa a. Kit se mizisyen lari oubyen òkès Flamonik Nasyonal la ki jwe li, mizik toujou fè pati selebrasyon fèt endepandans amerikèn nan e se menmman parèyman pou barbecue ak fedatifis.

E pou anpil ameriken, week-end konje manch long sa a se yon moman tou yo sonje istwa yo, reflechi sou ki moun yo ye, ki kote yo sòti, ki kote yo ye e ki bò yo prale. An de mo twa pawòl, reflechi sou sa sa vle di ou se yon "Ameriken". Pou kèk fanmi, 4 jiyè vle di desann Washington, DC (kapital federal nasyon an) pou vizite moniman istorik ak mize yo.

John Carothers (moun Santa Cruz, Eta Kalifòni) di vin Washington, DC pou fèt endepandans lan gen yon siyifikasyon, yon sans espesyal pou li ane sa a. "Se reyèlman yon bèl bagay pou m vini isit la e wè bèso gouvènman ka p viv kounye a nan kapital la".

Reflechi sou Pase Peyi a

Fanmi Carothers la vizite Mize Nasyonal Istwa Amerikèn nan (the Smithsonian’s National Museum of American History) kote youn nan pi gwo pyès koleksyon li yo se yon drapo ameriken ki genyen preske 200 zan. Se drapo sa a, yon koutiryèz te koud ak de dwèt li, ki te enspire Francis Scott ekri powèm ki tounen Ymn Nasyonal Lèzetazini an, The Star Spangle Banner (La bannière étoilée, an franse).

Admire pyès istorik sa a se youn nan bagay Milena Carothers, 14 zan, te pi kontan fè nan vizit li nan Simithsonian nan.

“Li pi gwo lontan pase sa mwen te panse,” jèn fi a di. “e mwen sezi wè kouman li byen konsève apre tout tan sa a, preske san domaj. Milena Carothers di pou fini "se reyèlman yon bagay ki etone l".

Mize Nasyonal Istwa Amerikèn nan konte resevwa 100.000 vizitè pou week-end 4 jiyè a.

Chapo prezidan Abraham Lincoln te gen nan tèt li jou swa yo te asasinen li nan Teyàt Ford la nan Washington, DC
Chapo prezidan Abraham Lincoln te gen nan tèt li jou swa yo te asasinen li nan Teyàt Ford la nan Washington, DC

Andrea Lowther, responsab sèvis vizitè mize a di “li panse 4 jiyè a se moman pou moun vin nan enstitisyon an...e yo vle vrèmanvre konekte yo ak istwa amerikèn nan, ak istwa yo. E natirèlman, yo vini pou wè pyès istorik yo tankou Star Spangle Banner a ak chapo prezidan Abraham Lincoln te gen nan tèt li jou swa yo te asasinen li nan Teyàt Ford la nan Washington, DC."

Nan mize a, vizitè yo ka admire tou bwat ki te sèvi Thomas Jefferson kòm "pupitre" lè li tap ekri Deklarasyon Endepandans peyi a an 1776.

An 1776, Thomas Jefferson te ekri Deklarasyon Endepandans lan sou “pupitre” an bwa sa a li te desinen plan an pèsonèlman.
An 1776, Thomas Jefferson te ekri Deklarasyon Endepandans lan sou “pupitre” an bwa sa a li te desinen plan an pèsonèlman.

Libète Sivil

Pou plizyè lòt Ameriken, 4 Jiyè se senbòl kèk prensip yo pa kapab ekspoze nan yon mize. Pou Christine Coombs, moun Gaithersburg, Eta Maryland, ki di "endepandans" vle di "dwa pou l chwazi pwòp relijyon li epi pratike fwa mormon li san krenn pèsekisyon". Libète, dapre Coombs, se tout bagay la nan peyi nou. Mwen panse se sa peyi nou an vle di". Se pou sa li kanpe doubout :kapisite pou ou chwazi. Mwen reyèlman renmen relijyon mwen e li te enpòtan pou mwen ke m kapab chwazi relijyon mwen vle pratike".

Martin Hochhauser, moun Poughkeepsie, New York, kwè tou nan libète relijyon, men li di Ameriken yo dwe kontinye pran anpil prekosyon pou yo separe relijyon ak gouvènman--yon tansyon moun kapab obsève sèjousi nan deba politik ka p dewoule atravè peyi a.

Melina Carothers, jèn fi 14 zan an nou te pale pi wo a, di li espere peyi ki genyen pwoblèm jounen jodi a va kapab yon jou selebre pwòp 4 jiyè pa yo nan lavni, e jwi pwòp endepandans yo".

NB:Pou yon kout je sou istwa Repiblik Ameriken an, fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo, adwat paj la. Chèf Sèvis Kreyòl Vwadlamrik la, Ronald César, pral dewoule pou nou fèy papye listwa.

XS
SM
MD
LG