Accessibility links

Breaking News

4 Jiyè 1776-4 Jiyè 2011 : Lèzetazini ap Selebre 235èm Anivèsè Endepandans li


Ozetazini, lendi 4 jiyè 2011 la se Jou Endepandans Nasyonal. Ameriken yo ap selebre jou kote pè fondatè peyi yo te deklare endepandans yon nasyon tou nèf nan men La Grann Bretay nan ane 1776. Selebrasyon sa a ap dewoule avek piknik, parad epi konsè. Fe datifis tradisyonèl yo pral limen syèl yo pandan sware a nan plizyè ti vil ak gwo vil nan peyi a --- pami yo genyen Washington, New York ak vil Philadelphi kote zansèt ameriken yo te siyen Deklarasyon Endepandans la. Nan okazyon 235èm anivèsè endepandans Lèzetazini, 100 mounki fèk natiralize sitwayen ameriken pral prete sèman nan Mount Vernon, nan eta Virjini, tou prè Washington; Mont Vernon se kay premye prezidan Etazini an, George Washington. Aktyèl prezidan ameriken an, Barack Obama, pral resevwa manm lame amerikèn nan avèk tout fanmi yo nan yon konsè ak barbecue k ap fèt nan La Mezon Blanch nan jounen 4 jiyè a.

XS
SM
MD
LG