Accessibility links

Breaking News

37 Moun ap Resevwa Swen Kont Kolera nan Venezuela


Nan peyi Venezuela, otorite lasante yo fè konnen 37 moun ap resevwa swen pou kolera apre yo te patisipe nan yon fèt familyal semèn pase a nan Repiblik Dominikèn. Minis Sante Piblik venezuelyen an, Eugenia Sader, deklare jedi 27 janvye 2011 la viktim yo twouve yon an bon kondisyon.

Gen 12 lòt venezuelyen ki toujou an Republik Dominikèn kote y ap resevwa swen medikal. Minis Sader mande pou yo teste plis pase 400 sitwayen venezuelyen ki te vwayaje nan Repiblik Dominikèn pou yo asiste yon maryaj.

Espesyali yo fè konnen maladi kolera a fasil pou trete si yo dekouvri l rapidman ; men si li pa jwenn tretman, dezidatrasyon kapab koze lanmò nan kèlke zè. Epidemi kolera a, ki kounye a gaye nan peyi Dayiti, te kòmanse nan mwa oktòb la ; depi lè sa a li pran lavi prèske 4 mil moun.

Move kondisyon sanitè apre tranblemanntè ane pase a, se youn nan faktè ki fasilite pwopagasyon maladi a ann Ayiti ki pataje il Ispanyola avèk Repiblik Dominikèn. Responsab lasante dominiken yo deja resanse 200 ka pami yo gen yon moun ki mouri.

XS
SM
MD
LG