Accessibility links

Breaking News

35 Milyon Moun Sou Latè Ap Soufri Yon Fòm Kèlkonk Maladi Olzaymè


Daprè yon etid ki fèt pou ane 2010 la, plis pase 35 milyon moun sou planèt la ap soufri ak pèt memwa, yon fòm maladi ki rele « òlzaymè » a. Maladi sa a koute 605 milya dola nan swen ak tretman pou maladi yo, san bliye pèt nan pwodiktivite viktim yo ak moun kap ba yo swen. Dapre etid la toujou, 46% moun k ap soufri ak maladi pèt-memwa a (espesyalis yo rele li tou « dementia ») ap viv nan peyi rich-yo, prèske 40% nan peyi ki sou wout devlopman yo epi 14% nan peyi pòv yo.

Ekspesyalis yo di kantite ka òlzaymè yo kapab double nan 20 ane k ap vini yo pou l depase 65 milyon anvan lan 2030. Chif sa a ap monte rive 115 milyon disi 2050. Harry Johns, prezidan Asosyasyon Maladi k ap soufri ak Òlzaymè yo, di pri sosyete a peye pou l swaye malad yo e chache trètman pou yo, ap monte disètotè nan 40 ane kap vini yo nan moman pa gen anpil lajan pou fè rechèch sou maladi a isit Ozetazini ak lòt kote nan l emond. Fon lajan ki la pou yo fè rechèch sou Òlzaymè a se 469 milyon dola alòske depans pou swaye malad yo sèlman monte rive 172 milya dola. Disi mitan 21 nyèm syèk la, si efò pa fèt pou konbat maladi a, pri tretman an kapab depase yon trilyon dola.

Espesyalis yo di maladi Òlzaymè a dezòganize sistèm nève viktim yo lè li fin elimine fonksyonman selil sèvo a jiskaske li atake memwa malad yo, tandiske sa ka genyen move konsekans sou fason yo panse e sou konpòtman yo. Maladi a ki pa gen tretman jiskaprezan fin pa paralize viktim nan jiskaske li touye l. Dapre etid ki fèt, maladi a afekte moun ki gen laj ant 70 e 80 lane. Sepandan Msye Johns di rezilta rechèch yo montre kantite ka maladi a ogmante pami moun ki gen mwens ke 65 an, nan moman popilasyon anpil peyi ap ogmante, epi kalite lavi a ap amelyore nan kèk nan peyi yo konsidere kom peyi ak ekonomi ba ou mwayen.

Prezidan Asosyasyon Òlzaymè a , Harry Johns, ankouraje tout moun ki enterese dekouvri siy maladi a ak lòt fòm dimentia pou yo vizite sit entènèt Asosyasyon an ki se « alz.org ».

XS
SM
MD
LG