Accessibility links

Breaking News

3 Prizonye Politik Kiben Jwen Libète Yo


Nan Kiba, legliz katolik women an di gen 3 prizonye politik ankò ki jwen libète e yo gen pou voye yo ann Espay; sa ki fè kantite prizonye politik la Avàn libere selon yon antant avèk gouvènman Prezidan Raul Castro a, rive a 39.

Nan yon deklarasyon Responsab legliz katolik yo fè parét lendi 27 septanm 2010 la, yo fè konnen mesye yo te aksepte yon òf pou yo ale Madrid e yo pral lage yo nan jou k ap vini yo.

Mesye sa yo fè pati 52 prizonye politik ke gouvènman Kiba a te pwomèt pou l lage daprè yon akò ki gen patisipasyon legliz katolik ak Espay.

Yon lòt kote, Kiba dekrete yon ogmantasyon plis ke 10% sou petwòl nan mitan gwo chanjman ki genyen nan ekonomi peyi a.

Gouvènman an anonse chanjman pri sa a menm jou lendi 27 septanm nan ; li fè konnen ajistman sa a nesesè akoz kondisyon mache entènasyonal la.

Ajans nouvèl Associated Press rapote pri oktane ki pi wo-a ki te 1 dola 51 monte a 1 dola 73 lit, Diezèl-la ap van 1 dola 19 lit donk gen 11 santim an plis sou pri lit diezèl-la, pa rapò a anvan.

XS
SM
MD
LG