Accessibility links

Breaking News

3 Prizonye Mouri Nan Penitansye Nasyonal Dayiti a Dimanch 17 Oktòb 2010 la


Otorite yo nan peyi Dayiti konfime lanmò 3 prizonye nan Penitansye Nasyonal la ki nan mitan kapital ayisyèn nan Pòtoprens.

Responsab yo di 3 viktim yo mouri dimanch 17 oktòb la nan moman yo t ap eseye sove kite prizon an apre yon priz dotaj.

Enfòmasyon yo fè konnen te genyen plizyè sòlda Nasyonzini ki te nan Penitansye a nan moman leve-kanpe a .

Frantz Lerebours, se pòtpawòl Polis Nasyonal la ki pale ak Lavwadlamerik. Responsab yo anonse ouvèti yon ankèt pou fè limyè sou leve kanpe sa a ki fèt nan prizon an jou dimanch la .

Bò kote pa l Marie Yolaine Gilles, youn pami responsab Rezo Nasyonal Defans Dwazimen Ayisyen (RNDDH) ki t ap reponn kesyon Jean Robert Philippe, di ensidan penitansye nasyonal la pa siprann li.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG