Biwo vòt yo louvri lendi 10 janvye 2010 la pou yon 2èm jounen nan referandòm istorik sou endepandans Sid Soudan an. Vòt k ap dire yon semèn nan ka mete rejyon an nan yon pa pi pre desizyon pou l tounen nouvo peyi ki fèk pran nesans nan mond la.
Prezidan Sid Soudan an, Salva Kiir, lage bilten li dimanch 9 janvye 2010 la nan kapital Sid la, Juba. Mesye Kiir deklare se “moman istorik” sa a pèp nan Sid Soudan an t ap tann nan.