Accessibility links

Breaking News

26 Jiyè 2010 la Make 57e Ane Revolisyon Kominis La Nan Kiba


—Nan peyi Kiba, Prezidan Raul Castro ap make lendi 26 jiyè 2010 la 57e ane revolisyon kominis la. L ap pwononse yon diskou nan yon seremoni ki gen pou dewoule nan vil Santa Clara.

Jounen Revolisyon an ap dewoule devan yon batiman kote ou jwenn rèstan kadav Ernesto “Che” Guevara, ajanten ki te pote koukou l nan revòlt ame ki te debouche sou monte Fidel Castro sou pouvwa a an 1959.

—Prezidan venezuelyen an Hugo Chavez menase pou l koupe pwodui petwolye li konn voye Ozetazini si peyi sa a kontinye ap itilize alye l an palan de Kolonbi pou atake l.

Mesye Chavez deklare devan plizyè milye patizan dimanch 25 jiyè 2010 la si genyen yon agresyon ame kont Venezuela ki soti nan peyi Kolonbi e ki jwenn soutyen Etazini , y ap sispann kagezon petwòl yo konnn voye Ozetazini.

Washington se pi gwo achtè petwòl nan men peyi sid ameriken an. Lidè venezuelyen an tou fè konnen li anile yon visit li te gen pou li te al fè nan Kiba akoz tansyon yo ak Kolonbi .

—O Chili, Prezidan Sebastian Pinera rejte demand Legliz Katolik te fè pou gouvènman an ta grasye militè ki nan prison pou abi dwa moun yo ta komèt pandan rejim ansyen Jeneral Augusto Pinochet soti 1973 pou 1990.

Mesye Pinera anonse dimanch 25 jiyè a yo pral etidye chak gren ka youn apre lòt, men yo pap konsidere moun ki nan prizon pou gwo krim tankou krim kont limanite, zak teworis, trafik dwòg, omisid ak vyòl. Responsab Legliz Katolik po kote reyaji sou anons sa a.

XS
SM
MD
LG