Accessibility links

Breaking News

25 Moun Mouri Nan Yon Afwontman O Meksik


Responsab yo fè konnen sete ant sòlda meksiken ak moun ki sanble manm yon gang dwòg nan sidès peyi a.

Otorite yo presize lese-frape sa a rive jedi 2 septanm 2010 la nan moman sòlda yo t ap fè patwouy nan Jeneral Trevino, eta Nuevo Leon kote moun ka konstate yon ogmantasyon zak vyolans nan rejyon an.

Se nan eta Tamaulipas sou fwontyè eta Nuevo Leon ke manm gang dwòg sanble ta asasine 72 imigran nan finansman mwa dout ki sot pase la a .

Nan yon entèvyou ki pase sou radio jedi 2 septanm 2010 la, youn nan 2 suvivan nan masak Tamaulipas la egzòte lòt imigran yo pou yo evite ale nan vil Meksiko.

Luis Freddy Lala Pomavilla ki se yon ekwatoryen lanse pinga sa yo nan moman li t ap dekri masak la . Sivivan an presize nèg ame te pran imigran yo e mete yo nan yon kay anvan yo asasinen yo anba kout zam. Lala li menm ap soufri ak yon chòk nan kou ke li te resevwa pandan atak la.

Sou bò pa l, Prezidan Felipe Calderon, admèt ke vyolans ki makonnen ak trafik dwòg nan peyi a ap vinn pi mal de jou an jou, sepandan li kontinue pou l di: "katèl yo ap pèdi fò akoz arestasyon plizyè gwo bawon dwòg meksiken."

Mesye Calderon fè komantè sa yo menm jounen jedi a nan Palè Nasyonal Meksik. Nan diskou sa a , lidè meksiken an lage nivo kriminalite k ap vale teren nan peyi a sou do gwoup krim òganize k ap batay pou kontwòl teritwa a nan Meksik.

Mesye Calderon presize ke arestasyon oubyen lanmò plizyè lidè kriminèl enpòtan simaye dezespwa nan mitan mòd òganizasyon sa yo. Kòmantè sa yo entèvni yon jou apre Prezidan Calderon finn voye yon rapò alekri sou eta nasyon an bay palman an.

Rapò a fè konnen otorite yo fè 34 mil 515 arestasyon ki lye ak dwòg, e konfiske plis pase 72 milyon dola lajan likid.

XS
SM
MD
LG