Accessibility links

Breaking News

21 Fevriye 2011: Jou Prezidan yo Ozetazini


21 Fevriye 2011: Jou Prezidan yo Ozetazini
21 Fevriye 2011: Jou Prezidan yo Ozetazini

Lendi 21 fevriye 2011 la, Ameriken yo ap selebre « Presidents’ Day » sètadi “Jou Prezidan yo”. Se yon jounen sitwayen ameriken mete sou kote pou yo onore 2 pami lidè nasyon yo ki gen plis renome.

Gouvènman ameriken an te dekrete konje federal sa a nan ane 1968; yo te chwazi 3èm lendi nan mwa fevriye a pou selebre nesans premye prezidan ameriken an George Washington.

16èm prezidan Lèzetazini an, Abraham Lincoln, li menm tou, te pran nesans nan mwa fevriye a; se konsa finalman gouvènman an te vin deside lap konsakre jounen pou onore tou lè 2 prezidan yo; kidonk, jeneralman ameriken yo sèvi ak fèt sa a pou yo rann Washington ak Lincoln omaj.

Plizyè milyon anplwaye ameriken gen konje jou sa a, alòske biwo gouvenman an ak anpil lekòl fèmen.

Anvan menm ke jounen sa a te tounen yon konje federal, ameriken yo te konn selebre anivèsè nesans Washington nan dat 22 fevriye. Premye fwa yo te obsève fèt sa a ofisyèlman se te nan ane 1885.

Nan anpil eta ameriken, yo te konn selebre anivèsè nesans Abraham Lincoln nan dat 12 fevriye aprè asasina li kèk jou aprè fen Gè Sivil la nan ane 1865.

XS
SM
MD
LG