Accessibility links

Breaking News

20 Jwè Seleksyone Pou Koup Dimond Feminen an Ozetazini


Antrenè seleksyon foutbòl feminen ameriken an Pia Sundhage seleksyone 20 jwè ki pral patisipe nan kanpay kalifikasyon koup dimond foutbòl feminen an ann Almay an 2011.

7 pami seleksyone yo tankou veteran Kristine Lilly( 39 van) patisipe nan match kalifikatif koup dimond.

Match kalifikatif yo ap dewoule nan Cancun Meksik soti 28 oktòb lè Etazini ap rankontre Ayiti answit kont Gwatemala 2 jou apre epi klotire tounwa a le 1 novanm kont Kosta Rika nan gwoup B a.

Nan gwoup A a gen Meksik ap rankontre Guyan, Canada, Trinidad and Tobago.

2 premye nan chak gwoup yo ap kalifye pou semi final la. Finalis yo ap kalifye pou faz final koup dimond la pandan ke peyi ki klase 3èm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou kont peyi ki klase 5èm sou kontinan Ewopeyen an pou yon plas nan faz final la.

XS
SM
MD
LG