Manifestasyon anti MINUSTAH dewoule nan Kap Ayisyen madi 16 novanm 2010 la pou yon 2èm jou youn apre lòt kote moun pwoteste kont prezans twoup L'ONU yo nan peyi . Rezon manifestasyon sa a se paske moun yo akize yon kontenjan L'ONU dèske se li ki pote bakteri ki bay maladi kolera a nan peyi a.
Lendi 15 novanm 2010 la, 2 moun te mouri nan manifestasyon yo, tandis ke lapolis fè anpil arestasyon pandan jounen madi a.