O Meksik, 12 moun mouri nan yon lòt glisman teren move tan pwovoke nan pati sid peyi a.
Otorite yo di dènye glisman teren sa a rive mèkredi 29 septanm 2010 la nan vil Amatan, nan eta Chiapas ki bay anpil kafe e kote ekip sekou yo te mobilize pou yo chache viktim.
Madi 28 septanm 2010 la, yon glisman teren ki te frape yon vilaj ki nan mòn tou prè eta Oaxaca te lakoz 11 moun disparèt e plizyè kay te detwi.
Yon kantite meksiken te pati kite zòn Santa Maria Tlahuitoltepec ki te neye anba dlo akoz lapli, paske moun yo te pè pou plis glisman teren pat rive nan moman lapli tap kontinye tonbe nan rejyon an.