Accessibility links

Breaking News

19 Moun Mouri Nan Yon Atak Nan Pakistan


Lapolis nan Pakistan fè konnen yon atak ak machin pyeje touye omwen 19 kretyen vivan, pami yo plizyè timoun piti.

Dapre otorite pakistanèz yo, 9 polisye twouve yo pami moun ki peri nan eksplozyon an.

Bonbis kamikaz la te antre ak tout fòs sou pòs polis la ak machin li t ap kondi a nan distri Lakki Marwat, pwovens Khyber Pakthunkhwa.

Pòs poli kraze nèt epi yon kay ki tou pre a andomaje. Otoriete yo di sekouris yo ap chache anba debri pou wè si ta genyen lòt viktim ak sivivan.

Pwovens la tou pre yon rejyon tribal ki se bastyon taliban pakistanè yo.

Toujou nan menm jounen leni 6 septanm nan, ofisyèl sekirite yo di gen 5 militan ki pèdi lavi yo anba kout misil nan Waziristan Nò.

XS
SM
MD
LG