Accessibility links

Breaking News

1500 Moun Mouri Nan Inondasyon Nan Pakistan


1500 Moun Mouri Nan Inondasyon Nan Pakistan
1500 Moun Mouri Nan Inondasyon Nan Pakistan

Otorite peyi Pakistan yo deklare inondasyon afekte 12 milyon moun nan rejyon nòdwès peyi a, nan moman kote inondasyon an ap avanse sou pati sid peyi a.

Sa lakoz plizyè milye moun kouri kite kay yo.

Plis pase 1500 kretyen vivan pèdi lavi yo nan dezas la. Inondasyon an detwi kay, wout avèk plizyè pon, sa ki lakoz plizyè kominote dekonekte ak rès peyi a.

Plizyè Pakistanè kritike le fèt ke gouvènman an pran tan avan l bay yon repons. Yo kritike tou prezidan Asif Ali Zardari poutèt li deside vwayaje ann Ewòp pandan kèk rejyon nan peyi a anba inondasyon.

XS
SM
MD
LG