Accessibility links

Breaking News

15 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Avyon O Venezuela


15 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Avyon O Venezuela
15 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Avyon O Venezuela

Gen 36 lòt moun ki pa mouri men ki soti ak kèk chòk e k ap pran swen lopital , men lavi yo pa an danje.

Avyon an tonbe nan lakou yon konpayi asye nan eta Bolivar. Responsab yo poko konnen koz aksidan an men yo presize, pilòt la te gentan voye kèk siyal pou di gen yon bagay ki pat mache anvan aparèy la al tonbe nan lakou Sidor, yon konpayi Leta.

Aparèy la , yon “bi-moteur” ki t ap transpòte 47 pasaje ak yon ekipaj ki te gen ladann 4 moun, t ap soti nan soti nan zòn karayib la , nan zile Margarita e li ta prale nan vil endistriyèl Puerto Ordaz.

Gouvènè eta Bolivar la,Francisco Rangel Gomez, konsidere pakèt sivivan yo kòm yon mirak. Mesye Rangel Gomez konsidere anplwaye konpayi asye a kòm “ewo” pou asistans yo te bay sivivan yo.

XS
SM
MD
LG