Accessibility links

Breaking News

15 Jen 1974 -15 Jen 2010: Sa Fè 36 Zan Depi Manno Sanon Te Fè Listwa.


15 Jen 1974 -15 Jen 2010: Sa Fè 36 Zan Depi Manno Sanon Te Fè Listwa.
15 Jen 1974 -15 Jen 2010: Sa Fè 36 Zan Depi Manno Sanon Te Fè Listwa.

Yon atik ki parèt madi 15 jen 2010 la nan jounal ameriken The New York Times raple sete yon 15 jen tankou yè –le 15 Jen 1974-- foutbolè ayisyen Emmanuel Sanon te fè listwa lè l ta make yon gòl sou seleksyon nasyonal Itali a nan mondyal 1974 la nan peyi Lalmay. Sa k fè gòl sa a istorik, sè ke gadyendbi italyen an, Dino Zoff, te pase lontan sou sèn football entènasyonal la san l pat ankese yon gòl. Jounal ameriken New York Times ekri pou l di:

“Menmsi sou plan spotif la Ayiti se pa yon gwo non --Ayiti se yon peyi modès-- lajwa, lakontantman gòl Manno Sanon an toujou kontinye anime fanatik foutball ayisyen yo; e Sanon rete yon ewo nasyonal pou yo. » fen sitasyon.

Yon ko-ekipye Manno Sanon, Philippe Vorbe, ki te pale ak Jacquelin Bélizaire, rakonte kijan, a pati de yon pas li te fè Manno nan rankont ak Itali a, misye te arive make gòl la sou Dino Zoff. Yon lot kote, nan okazyon antèman Emmanuel Sanon le premye Mas 2008, 2 lòt ko-ekipye li te rann li omaj --nap pale de Jean Claude Désir, alyas Tom Pouce, avèk Ti Pierre Bayonne.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou koute repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG