Accessibility links

Breaking News

13 Moun Mouri nan Yon Atak nan Afganistan


13 Moun Mouri nan Yon Atak nan Afganistan
13 Moun Mouri nan Yon Atak nan Afganistan

Otorite Afghan yo di yon bonm ki te plase arebò yon wout nan pati lès peyi a touye 13 moun. Ministè enteryè a fè konnen eksplozyon an fét mèkredi 19 janvye 2011 la nan pwovens Paktika, pami viktim yo gen fi ak ti moun piti.

Madi 18 janvye 2011 la, l’Otan fè konnen youn nan manm li yo mouri pandan yon atak rebèl nan lwès Afghanistan. Li pa bay plis detay sou atak la.

Yon lot kote, yon tribinal Afghan ki fèt pou Mennen ankét sou fwòd elektoral la mande Prezidan Hamid Karzai pou l retade fòmasyon nouvo palman peyi a pou omwen yon mwa.

Jij ki nan tèt komite a ki gen 5 jij o total di mèkredi 19 janvye 2011 ladelè sa a nesesè pou bay gwoup la plis tan pou l mennen ankèt sou plent fwòd ki te fèt nan eleksyon palmantè ki te dewoule nan dat 18 septanm ane pase.

Mesye Karzai pa di si wi ou non li pral aksepte pou retade prestasyon sèman nan ki te gen pou fèt dimanch kap vini an.

XS
SM
MD
LG