Accessibility links

Breaking News

100 Mil Dwoum Petwòl Ap Koule Chak Jou Nan Gòlf Meksik La


Yon palmantè ameriken, Ed Markey, ki pa mete dlo nan bouch li pou l kritike fason konpayi petwòl BP ap jere fwit gaz kap tonbe nan Gòlf Meksik la, deklare konpayi an twonpe palmantè Etazini yo sou gravite kriz la. Misye Markey –ki se prezidan Komisyon Enèji ak Komès Chanm dè Reprezatnan an, pibliye yè dimanch 20 jen an kèk dokiman ki sòti nan konpayi British Petroleum menm ki montre ke fuit sa a ap ponpe apeprè 100 mil dwoum petwòl chak jou nan Gòlf la. Msye Markey ajoute dokiman yo montre –nap site “Se swa BP tap bay manti, se swa li enkonpetan”, paske konpayi an te pibliye yon estimasyon ki te montre fuit la te pi piti lontan pase chif 100 mil dwoum nan.

XS
SM
MD
LG